Frè m ak Sè m yo nan Granmèt la,

Semènn sa a make antre triyonfal Jezi nan Jerizalèm. Kòm nou ap selebre Dimanch Ramo, li pa menm bagay san prezans ou. Legliz la parèt vid e izole, men nou konnen Granmèt nou an prezan toutan nan Sen Sakreman an. “Ozana pou pitit David la, benediksyon pou sila ki ap vini nan non Granmèt la, Ozana pou sila ki anwo nèt la”.

Pandan nou rantre nan semènn sent lan pòt Legliz nou yo ap rete fèmen. Jedi Sen ap kòmanse youn fason ki diferan pase tout lòt tan avan yo. Pap gen lavman pye. Pap genyen repozisyon Sen Sakreman an.  Nou menm pè yo, nan Lamès nou ap fè  an prive nou prale pwononse mo sa yo : “Sa a se Kò m, Sa se San m, fè sa pou nou sonje m!” Nou anvi pou ou ta ka avèk nou pou ou nouri ak Kò e San Li! An nou lapriyè pou frè ak sè nou yo ki enfekte. Se pou San presye Granmèt la geri yo.

Nan Vandredi Sen, legliz la ap santi l trankil e abandone. Nou prale fè eksperyans tristès, enkyetid, e solitid.  Nou pap ka venere Kwa a ak bo nou yo. Petèt, mo Granmèt la sou Kwa a, “Papa, poukisa ou abandone m”, prale sonnen nan nou yon lòt fason. Sa nou di de pawòl pwofon Granmèt la te di Manman l sou Kwa a, “Madanm, men pitit ou”. Aprè  Li di disip li a, “Men manman ou”. E depi lè sa a disip la pran Mari lakay li. Pandan pandemi sa a, eske Manman Mari se refij ou? Malgre doulè e soufrans li Mari te rete fèm nan lafwa li. Nan yon fason espesyal, an nou lapriyè pou frè ak sè nou yo ki mouri nan kowonaviris la. Se pou yo repoze an pè!  An nou lapriyè pou fanmi yo, ak zanmi yo ki tankou Mari ak disip yo tap kriye nan lanmò Granmèt la.

Men nou konnen, ta lè nou prale selebre viktwa, triyonf ak lavi.  Malgre distans fizik  nou youn ak lòt, nou ap rete nan kominyon espirityèl pandan Legliz la ap selebre an prive sèvis sakre yo pou chak nan nou. Nou konnen aprè lanmò genyen youn lavi tou nèf. Aprè Vandrdi Sen se Dimanch Pak. Nou kwè e nou pwoklame Lanmò ak Rezirèksyon Granmèt la. “Se nan mouri  a ou jwenn lavi ki pap jan fini an”

Zanmi m yo, pandan nou pa nan yon bon atitid, nou konnen pri Jezi peye pou nou an se youn bagay pou nou selebre. Nan laperèz, dlo nan je, dout ak enkyetid nan tan pandemi a, nou selebre Lafwa nou ak kado

 Delivrans lan. Lanmò Li reyèl , e pwomès Li yo la pou toutan. Yo pap chanje akoz sikonstans nou yo. “Men bwa Kwa a kote Sovè mond lan pandye”. “Vini, an nou adore li”. Pandan nou manke anpil bagay ki ba nou plezi , estabilite, akonplisman ak lajwa, an nou ranpli kè nou ak renmen san kondisyon Granmèt nou Jezi Kri. Se pou Semènn Sent la ranpli ak espwa e benediksyon. Se pou Bondyen beni w!

Ak renmen e priyè,

-Pè Nestor Rodriguez

Weekend Mass

Sunday: 5:00 PM

Baptisms, Weddings, Sick Calls in Creole

Contact
Our Lady Of Faith Haitian Center
561. 223.2762
Tues., Wed., Fri. 4-9 p.m. Sun. 7-9 p.m.

We, the people of St. Ann, will continue to grow deeper
in our faith, walking humbly with our God, through Christ.
Translate »